200 ane pwotestantis an Ayiti, ki bilan?

Kominote pwotestantis la ape fete 200 ane ekzistans yo an Ayiti. Yon selebrasyon ki pran yon karaktè enpòtan, lè nou konsidere pwogranasyon aktivite ki antoure evelman sa a ak pwomès yo pran pou yo rekonstui Palè Nasyonal la, yo rele tradisyonèlman Kay pèp la. Yon anbisyon ki vyole Manman Lwa peyi a ki rekonèt fè Ayiti yon repiblik layik, men tou ki pase anba pye dwa ak libète adorasyon sitwayen yo. Men sa ki pi veksan epi ki fè plis mal la, se lè yon sektè relijye pran dwa, san yon antant, yon konsansis kolektif, pou bati pi gwo senbòl otorite Nasyon an. Men anvan nou konsidere echèk 200 ane legliz pwotestan yo an Ayiti, nou vle sitwe movman pwotestantis la nan rapò politik, sosyal li geneyn ak legliz katolik.

Mwen pa konnen nan ki eta Konkòda Leta ayisyen te siyen ak Legliz Katolik la, sou gouvèlman Jefra a, ye jounen jodi a, apre chirepit Vatikan te genyen ak Gouvèlman Divalier a. Men dapre akò sa a, Leta ayisyen te genyen pou li rekonèt relijyon Katolik kòm relijyon ofisyèl peyi Ayiti. Sa ki vle di, jisteman, mete Leta ayisyen sou lobedyans Vatikan ak yon bann lòt ekzijans li te oblije obeyi, tankou pa ekzanp: Prezidan Repiblik la dwe pran tedeyom, renmèt edikasyon lajenès, nan men relijye Katolik yo (mè, pè, sè) kòm reprezantan Vatikan nan peyi a.

Mwen konnen chirepit Divalye ak Legliz Katolik la te fòse yon bann pè ak mè pran ekzil (ekzil pè Espiriten yo se yonn nan ekzanp yo). Men tou, Divalye te pwofite pran yon sèten dwa, nan renegosye Konkòda Jefra a. Nan nouvo akò sa a, Leta ayisyen te pran dwa pou se li ki nonmen Achevèk yo, Monseyè yo. E, pousa, yo ta dwe sitwayen ayisyen. Mwen pa konnen nan ki nivo oubyen tout ekzijans nouvo akò sa a te rive rache nan men Legliz Katolik.

Men, sa n’ape asite kounye a la a, nan selebrasyon 200 ane pwotestantis la an Ayiti a, se konsekans kolateral batay katolik ak pwotestan yo pou kontwole Leta Ayiti. Batay sa a koumanse, sa genyen anviwon 100 tan.Prensipalman, pandan peryòd okipasyon Etazini an Ayit a. Kote, gouvèlman etazinyen an te mennen epi kontinye voye misyonè, sitou sa ki te soti nan Sid Etazini, nan eta kretyen konsèvatè yo epi ki pi rasis yo, ak pou misyon pran kontwòl nanm ak lespri ti ayisyen. E depi lè a, tankou sotrèl, oubyen madan sara nan jaden pwa, yo anvayi peyi a, pran kontwòl peyizanri a, katye popilè yo, bidonvil yo, ofri yo sinistre, elatriye. Yo pwofite febès oubyen demisyon Leta ayisyen an, nan bati lekòl, dispansè, lopital.

Alòs pou jwenn swenyaj, lamanjay, oubyen ledikasyon tout moun dwe konvèti, aksepte Jezi pou sovè pèsonèl yo. Men, okjektif yo sitou, se kreye yon entelijensya pwotestan ki pou dominen tout espas nasyonal yo : administresyon piblik yo, Radyo piblik yo, lekòl, inivesite, elatriye. Nan yon pwen, kote legliz pwotetan yo pran kontwòl medya yo. Chak pastè genyen yon emisyon nan tout chenn radyo ak televizyon peyi. Menm emisyon piblik oubyen komèsyal koumanse ak priyè oubyen genyen yon pati labib ladan (emisyon Premye okazyon, Maten Karayib se yon ekzanp). Bagay la vini pi grav, nan yon pwen, prèske tout aktivite piblik k’ape fèt, pou li pa kòmanse ak priyè, chante pwotestan. Menm gradyasyon polisye koumanse ak priyè oubyen yon sèvis pwotestan. Nan SONAPI pa ekzanp, li obligata pou tout ouvriye priye anvan yo koumanse travay. Menm labib vini yon manyèl eskolòlè obligatwa nan divès lekòl prive, nan katye popilè yo.

Wòl selebrasyon 200 ane pwotestan an Ayiti, se dabò, selebre viktwa yo sou Legliz katolik. Men tou, savalouwe dominasyon yo sou pèp ayisyen an, nan mete yo jenoutè, san nanm, san konviksyon. Retire tout lespri rebelyon, pwotestasyon. Fè yo kwè nan syèl, pandan y’ape vini pi rich epi popilasyon an limenm ape vini pi pòv, pi mizerab chak jou ki jou. Pou kantite santèn milyon dola ameriken sektè pwotestantis la ape envesti chak ane nan katye popilè yo, swa dizan pou soulaje mizèrere pèp la, se anvlimen sityasyon popilasyon pwotestan an ape anvlimen. Pandanstan, pastè yo, legliz, misyon yo menmjan ak pè legliz Katolik yo, ape vini chak jou ki jou pi rich, pi puisan. Se retire-wou, ban-mwen mete tèt-mwen.

Wòl relijyon kretyen yo, katolik tankou pwotestan, se zonbifye mantal ayisyen an, dezame yo, detui yo. Apre yo fini kondisyonnen lespri, mantal ak nanm popilasyon ayisyen an, kounye a se pouvwa Leta a menm yo bezwen kontwole. Sa pi vizib nan denye eleksyon ki soti pase yo epi ki nan lè kounye a. Yo fè kongrè, tonbe batay, voye kout chèz, bay kout pwen, pou chwazi kilès nan yo sektè a va chwazi kòm sèl kandida yo. Pousa, yo patisipe nan magouy electoral, konbin elektè zonbi, achte, vann vòt, pran kòb anba tab… Okjektif yo, se kreye yon demokrasi kretyen. Komkwa sali Ayiti chita nan yon demokrasi ala kretyente.

Genyen ki pale pou yon separasyon leta ak relijyon. Pou moun sa yo, menm Vodoun an pa ta dwe echape. Mwen ta gendwa dakò ak lespri yon leta layik la wi, kote leta ret nan wòl-li epi legliz yo (pwotestan tankou katolik) ta rete nan wòl yo. Men mwen ta yon ti jan pi pridan nan wòl ou sa ki konsènen Vodoun ayisyen an, oubyen patisipasyon Vodoun an an zafè Leta a. Paske, relasyon Leta ak vodoun ayisyen an se yon eritaj, yon tradisyon afriken ki rapousuiv an Ayiti. Pou dayè, rapò Vodon an byen diferan. Anpatan, se Vodoun an ki soumèt anba Leta. Prezidan repiblik la jwe wòl yon chèf onorifik nan ounfò yo. Foto prezidan Repiblik la dwe afiche anba tout peristil. Dezyèmman, rapò Leta ayisyen ak Vodoun an se poze sele Pak Bwakayiman an, sezi larèl lide ki degaje nan Sèman Boukmann nan, ki se premye diskou politik nan devni yon Ayiti lib, endepandan.

E, m’ape mande menm si se pa vyolasyon pak sa a, nan siyati konkoda Leta ayisyen ak legliz Katolik la, tout lajès ak tolerans relijyon blan an Leta ayisyen ba yo ki responsab lwa yo bay peyi a do jounen jodi a. Eske li pa di : « Jete pòtre dye blan an ki swaf dlo nan je-nou », pou nou kapab pi byen « koute libète k’ape pale nan kè-nou tout » la, pou yon kreyolizay.

Manno Eugène

Lasisser un commentaire

Categories: Articles